Entwodiksyon pou COVID-19: metòd pou deteksyon, prevansyon, repons ak kontwòl

Kowonaviris yo se yon gro fanmi viris yo konnen ki komanse ak grip pou l rive nan maladi ki pi grav tankou Sendwòm Respiratwa Mwayen Oryan (MERS) ak Sendwòm Respiratwa Grav (SARS).

Yon nouvo Kowonaviris (COVID-19) te parèt an 2019 nan Wuhan, Lachin. Se yon nouvo Kowonaviris yo pat idantifye avan sou moun.

Kou sa bay yon prezantasyon jeneral sou COVID-19 la ak viris respiratwa k ap parèt yo, ki gen efè sou moun e li vize profesyonèl nan sante piblik, jesyonè ensidan yo ak moun k ap travay nan Nasyonzini, òganizasyon entènasyonal ak Òganizasyon Non Gouvènmantal yo (NGOs).

Kòm non ofisyèl maladi a te etabli aprè materyèl fin kreye, tout sa yo di sou nCOV fè referans ak COVID-19, maladi enfeksyon Kowonaviris lakoz yo te dekouvri pa twò lontan.

Tanpri sonje kontni kou sa a kounye a ap revize pou reflete konsèy ki pi resan yo. Ou ka jwenn enfòmasyon ki ajou sou sèten sijè ki gen rapò ak COVID-19 nan kou sa yo:

Vaksen: Chanèl vaksen COVID-19

Mezi IPC: IPC pou COVID-19

Tès dyagnostik rapid antijèn: 1) Tès dyagnostik rapid antijèn SARS-CoV-2; 2) Konsiderasyon kle pou aplikasyon RDT antijèn SARS-CoV-2

Self-paced
Language: Kreyòl ayisyen
COVID-19

Course information

Kou sa a disponib tou nan lang ki annapre yo:

English - français - Español - 中文 - Português - العربية - русский - Türkçe - српски језик - فارسی - हिन्दी, हिंदी - македонски јазик - Tiếng Việt - Indian sign language - magyar - Bahasa Indonesia - বাংলা - اردو - Kiswahili - አማርኛ - ଓଡିଆ - Hausa - Tetun - Deutsch - Èdè Yorùbá - Asụsụ Igbo - ਪੰਜਾਬੀ - isiZulu - Soomaaliga- Afaan Oromoo - دری - Kurdî - پښتو - मराठी - Fulfulde- සිංහල - Latviešu valoda - తెలుగు - Esperanto -ภาษาไทย - chiShona -Казақ тілі - தமிழ் - Ελληνικά

Apèsi sou kou a: Kou sa fè yon prezantasyon jeneral sou viris respiratwa k ap parèt, gen ladan l nouvo kowonaviris yo. Nan fen kou a, ou dwe kapab dekri:

  • Nati viris respiratwa k ap parèt yo, ki jan pou detekte ak evalye yon epidemi, estrateji pou anpeche epi kontwole epidemi nouvo viris respiratwa lakòz;
  • Ki estrateji yo ta dwe itilize pou kominike risk yo epi angaje kominote yo pou detekte, anpeche epi fè fas ak yon nouvo viris respiratwa ki parèt.

Gen lòt sous enfòmasyon ki atache ak chak modil pou ede nou fouye plis sou sijè sa.

Objektif aprantisaj: Dekri prensip esansyèl viris respiratwa ki parèt yo ak ki jan pou n byen lite ak yon epidemi.

Kantite tan kou a dire: Apeprè 3 èdtan.

Sètifika: Yon Dosye Akonplisman pral disponib pou patisipan ki fè omwen 80% nan nòt total ki disponib pou tout egzamen yo. Patisipan yo ki resevwa yon Dosye Akonplisman kapab tou telechaje yon Badj Louvri pou kou sa a. Klike la a pou aprann kijan.

Kòm non ofisyèl maladi a te etabli aprè materyèl fin kreye, tout sa yo di sou nCOV fè referans ak COVID-19, maladi enfeksyon Kowonaviris lakoz yo te dekouvri pa twò lontan.

Tradui nan Kreyòl soti nan Introduction to COVID-19: methods for detection, prevention, response and control, 2020. Òganizayon Mondyal Lasante (WHO) pa responsab sa k gen nan tradiksyon sa a ak nivo presizyon tradiksyon an. Si sa ta rive tradiksyon anglè a pa ta koresponn ak tradiksyon Kreyòl la, vèsyon anglè orijinal la ap gen priyorite. WHO ki pa verifye tradiksyon sa a. Resous sa a se pou rezon sipò aprantisaj sèlman.

Course contents

  • Modil 1: Prezantasyon viris respiratwa k ap parèt yo ki gen ladan yo COVID-19:

    Nan fen modil la, ou dwe kapab: explike ki jan viris respiratwa yo parèt e poukisa yo se yon menas pou sante tout moun nan mond lan.
  • Modil 2: Detekte viris respiratwa k ap parèt yo ki gen ladan yo COVID-19: Siveyans:

    Nan fen modil sa a, ou ta dwe kapab: dekri ki jan yo ka detekte epi evalye pwopagasyon yon epidemi viris respiratwa.
  • Modil 3: Detekte pwopagasyon viris respiratwa, tankou COVID-19: Envestigasyon Laboratwa:

    Nan fen modil sa a, ou ta dwe kapab: dekri diferan kalite echantiyon ki nesesè epi ki kalite envestigasyon laboratwa yo itilize pou konfime ka COVID-19.
  • Modil 4: Kominikasyon sou Risk yo:

    Nan fen modil sa a, ou ta dwe kapab: dekri enkyetid prensipal nan kominikasyon risk pou pwopagasyon viris respiratwa; enimere omwen twa obstak ki ka anpechew byen suiv konsèy sante; epi idantifye pwen kle pou entèvansyon konsènan risk ki genyen lè y ap pase kominikasyon lè gen yon epidemi oubyen yon evenman.
  • Modil 5: Angajman Kominotè:

    Lèw rive nan fen modil sa a, ou ta dwe kapab: dekri omwen twa rezon ki fè intèvenan yo bezwen angaje kominote yo lè gen yon epidemi; fè yon lis defi yo rankontre nan angajman kominote a; epi dekri apwòch pou angajman kominotè ki efikas nan deteksyon, prevansyon epi reponn a yon epidemi.
  • Modil 6: Fason pou w fè prevansyon epi pou w reponn a yon viris respiratwa k ap gaye, tankou COVID-19 la:

    Rive nan fen modil sa a, ou ta dwe kapab: dekri prensip pou anpeche enfeksyon nan kominote a ak kote yo bay swen lasante.

Enroll me for this course

The course is free. Just register for an account on OpenWHO and take the course!
Enroll me now

Certificate Requirements

  • Gain a Record of Achievement by earning at least 80% of the maximum number of points from all graded assignments.